Send money to over 200 countries and territories with the new MoneyGram App. It is fast and easy - download it today!

Voye lajan bay pwoch
ou avek apkikasyon
MoneyGram nan

Komanse tranzaksyon sou apklikasyon an epi al peye nan yon biwo MoneyGram ou pi pito.

Español - English

Telechaje li kounye a sou Google Play ou byen Apple store

Ou Ka benefisye avantaj sa yo:

  • Antre sou aplikasyon swa sou jan  yo rekonet figi wou ou byen sou anpwent dijital 
  • Enfomasyon pa w ak tout fanmi ou ap fet an tout sekirite
  • Ou ka estime frè you
  • Chache biwo ki pi pre w
  • Suiv etap transfe ya
  • Verifye istwa tout tranzaksyon ou abitye fe yo
  • Sere tout enfomasyon yo pou lè wap fè lot transfè
  • Anrejistre adrès imèl ou avek nimewo telefon ou pou  ka resevwa enfomasyon sou promosyon avek rabè

Koman ou ka voye lajan avek aplikasyon MoneyGram nan?

1) Telechaje aplikasyon an

Itilize sit saa pou ka telechaje aplikasyon an sou telefon mobil ou

2) Antre sou kont MoneyGram ou

Ekri enfomasyon pa w pou nou kapab idantifye w

3) Chwazi peyi wap voye lajan an

Ekri non moun kap resevwa kob la epi montan an

4) Itilize kod promosyonel la

Si ou gen yon kod promosyonel ekri li kote yo bay pou mete li . Aplikasyon ap estime rabè yo otomatikman. Ou byen ou ka kite espas la vid

5) Chwazi biwo ou pi pito a

Chwazi biwo ki pi pre ou o swa nenpot biwo ou pi pito a pou ka al peye tranzaksyon an

6) Fin Fè tranzaksyon an

Al peye nan biwo ou te chwazi ya epi wa di kesye ya ou te komanse fè tranzaksyon an sou Aplikasyon an epi wa bay pies idantite w ( RUT o swa paspo ‘w)

Kek Kesyon Moun Poze Pi Souva

1.  Konbyen kob mwen kapab voye sou aplikasyon an ?
Limit la se CLP 663.000 pesos chilyen  

2.  Koman pou m fè pou mwen ka peye transfè map voye ya ?
Ale nan biwo ke ou te chwazi ya ak kob ou epi pyès ou   

3.  Eske mwen ka peye tranzaksyon ke mwen kreye sou aplikasyon MoneyGram nan nempot biwo MoneyGram ?
Non lè ou komanse tranzaksyon voye lajan sou aplikasyon fok ou chwazi yon biwo pou al peye tranzaksyon an. Kounye a tout kote CORREOSCHILE yo pèmèt pou peman tranzaksyon ou ki te pwodwi pa app a MoneyGram.

4.  E si mwen vle peye tranzaksyon an nan yon lot biwo MoneyGram kisa poum fè ?
Wap oblije kreye yon lot tranzaksyon 

5.  Eske mwen ka itilize enfomasyon yon menm tranzaksyon poum fè yon lot tranzaksyon ?
Wi ou kapab itilize menm enfomasyon yo pou fè yon lot tranzaksyon . en plis ou ka chanje sa ou vle ladan li. 

6.  Eske mwen kapab chanje yon tranzaksyon Voye lajan ki te gen tan kreye sou aplikasyon MoneyGram nan ?
Non . lè ou kreye yon tranzaksyon sou aplikasyon an ou pa kapab chanje li. Solisyon an se kreye yon lot tranzaksyon. 

7.  Konbyen trnzaksyon Voye Lajan mwen ka kreye ansanm ?
Ou kapab kreye nenpot ki kantite ou vle . Tranzaksyon ki pa finn fèt yo ap ekzpire apre 48 ed tan . Ou pa bezwen tann yo ekzpire pou kreye yon lot. 

8.  Konbyen tan mwen gen devanm pou mwen peye tranzaksyon lè map Voye Lajan ?
Tranzaksyon ki kreye sou aplikasyon MoneyGram yo fok ou peye yo nan 48 ed tan. Apre delè sa tranzaksyon an ap anile otomatikman 

9.  Ki lè moun kap resevwa a ap jwenn lajann an ?
Nomalman kob la pare nan on ti moman d tan apre tranzaksyon an finn peye epi tout bagay fini avek siksè. 

10.  Mwen antre kod promosyon an men rabè ya pa paret
Li posib ke kod promosyion an pa valab anko o swa ou pa byen antre li o swa li pa valab anko. Ale sou sit la pou ka wè kondisyon yo www.moneygram.cl 

11. Ki kote mwen ka rele si mwen gen pwoblem ?
Pou Chili ou ka rele nou nan 800-914-729

12. Ki kote mwen ka rele si mwen gen pwoblem ?
Mwen pa ka jwenn app a nan magazen Google Play / Apple Store

  • Gen koneksyon entènèt oswa done mobil sou telefòn selilè ou
  • Fè sistèm opere ou (Android / iOS) mete ajou ak dènye vèsyon an
  • Sonje byen ke MoneyGram App a disponib sèlman nan peyi Chili. Si ou pa ka jwenn app a, Google ou oswa Apple ID kont ka asosye ak yon lòt peyi. Si sa a se ka a, chanje peyi a nan kont ou ye kounye a nan opsyon yo konfigirasyon. Sou telefòn ou, louvri Google Play Store. Lè sa a, peze MENU / Kont / Peyi ak Des.

Tèks legal

Sèvis la depann de lè ajans yo ouvri , lwa local yo avek regleman yo.  An plis frè transfè yo yo ka chaje'w pou frè sou to d chanj .  yo ka fe'w peye tax tou.  Se Selman kek peyi ak sèten montan ki ka fet sou aplikasyon an .  frè yo kapab diferan .  MoneyGram ak the Globe and bringing you closer se mak MoneyGram .  Tout lot mak se pou kompayi yo li ye.

Atansyon:  Aplikasyon an ap montre sevis ki disponib nan zon ou ye ya .  Se pa tout sèvis yo  ke ou ka jwenn nan tout peyi.  Se  nan peyi ki sou sit www.moneygram.com yo Selman ou ka voye ak resevwa lajan .   Frè yo baze sou montan, jan de peman, peyi kap resevwa, metod livrezon, e si se wou  ki pral chache kob la.